DESKRIPSYON EBOOK LA
Ou ta renmen kòmanse nan maketing dijital men ou pa konnen ki kote pou w kòmanse?
Ou tande moun ap pale de pwodwi dijital, kontni, nich, mak pèsonèl, affiliate marketing, ChatGPT ak Canva, men tout bagay sanble twòp?
Liv sa a fèt pou ede w mete tout bagay nan lòd.
Soti nan Telefòn ou pou rive nan Biznis Dijital se yon gid pratik pou moun ki fèk ap antre nan maketing dijital. Li pral ede w konprann prensip debaz yo epi montre w etap ou kapab swiv pou kòmanse bati prezans ou sou entènèt.
Nan liv sa a, w ap aprann kijan pou:
konprann maketing dijital;
chwazi yon nich;
idantifye odyans ou;
kreye yon òf;
bati yon mak;
kreye bon kontni;
itilize ChatGPT ak Canva;
kreye pwodwi dijital;
itilize rezo sosyal pou jwenn moun;
konstwi yon sistèm pou vann;
prepare premye 30 jou ou nan biznis dijital.
Objektif liv sa a se pa pwomèt ou lajan rapid. Objektif la se ba ou yon fondasyon ak yon plan aksyon.